Sister Act se yon fim ki genyen Whoopi Goldberg antanke aktris prensipal ki make anfans tout moun ki nan menm jenerasyon ak mwen. Mwen pa t konprann tout pwofondè fim nan jiskaske mwen vin regade l pandan mwen vi n gran. Si m te vin regade l se te jis akoz souvni anfans mwen.

Poutan m pral dekouvri nan Sister Act youn nan pi bèl reyalizasyon sou devlopman kominotè epi sou fason legliz kapab enplike li nan devlopman kominote li.

Mwen pataje nan kòmantè yo 4 leson mwen jwenn nan fim sila.

1. Nou sipoze sispann gade moun sou aparans yo pou nou evalye potansyèl yo. Genyen anpil moun lavi a mete nan pozisyon ke yo pa t janm swete. Konsa tou gen moun ki chwazi asime yon estil lavi ki pa kadre ak valè nou e pou sa nou tou chwazi wè moun nan tankou yon moun san valè, san enterè oubyen san enpòtans. Nou konn tèlman fokis sou sa ki pa bon oubyen nou pa renmen yo ke nou bliye tout kapasite ak tout potansyèl yo. Nou dwe bay plis enpòtans ak bagay ki ka ede nou avanse ansanm yo ke sa ke ti detay k ap divize nou yo. Tout bagay pa akseptab tankou tou nenpòt ti detay pa gen dwa enpeche nou viv ansanm. Diskriminasyon se yon andikap pou pwogrè.

2. Entèvansyon kominotè yo ap difisil pou yo bay rezilta si nou pa mete nou nan po manb kominote oubyen itilize manb kominote a kòm sèvo entèvansyon yo. Legliz tankou yon pakèt lòt enstitisyon oubyen pwojè bay tèt yo kòm misyon pou ede nan transfòmasyon pozitif sosyete a. Tandiske pi fò inisyativ yo chita sou rapò ke nou pa menm moun; ou nan move sitiyasyon e se mwen k gen solisyon pwoblèm ou yo. Entèvansyon kominotè fèt ak moun ki konprann epi ki kapab entegre yo nan kominote a. Si w pa ka mete w nan po moun, viv ak yo e menm viv tankou yo mwayen finansye w yo, kad wo grade w yo, bèl fraz sou papye pwojè yo p ap itil anyen.

3. Règ enstitisyon ak tradisyon se gwo andikap pou chanjman ak devlopman. Dinamik kwasans enstitiyon yo chita sou yon reyalite ki vle ke zèl ak motivasyon pou chanjman yo diminye depi enstitisyon yo fin jwenn estabilite yo nan sosyete a. Gade mouvman yo, emisyon yo, pati politik yo, òganizasyon yo. Depi yo fin genyen rekonesans sosyete a kreyativite ak sans inovasyon an, chalè pou chanjman diminye. Se tankou ou ta di pwoblèm yo te swete rezoud yo pa la ankò. Pou bagay sa pa dire, enstitisyon yo konn bezwen nouvo moun ki genyen yon lòd modèl panse ki diferan de sa ki ap domine enstitisyon yo. Pou nou rezoud kèk pwoblèm nou konn jis bezwen gade bagay yo andeyò kad tradisyonèl yo.

4. Legliz sipoze sispann kache dèyè nòm sakre li yo pou l jistifye silans li sou pwoblèm sosyetal yo. Aktè prensial legliz la se te yon pèsonaj ki te mete li nan po tout moun. Dayè li te pase plis tan ak moun majinalize ke sila yo ki te kuit nan moul sosyete elitis epòk li a. Labib chaje ak mesaj ki egzije kretyen e legliz kòm enstitisyon pou li batay pou jistis sosyal ak kontribiye nan rezolisyon pwoblèm ekonomik ak sosyal yo. Sa ki plis ke aksyon lacharite anpil legliz ap pratike.