Ou gen difikilte pou ou vanse?

Kijan sesyon yo fèt?
👉🏻 Ou bezwen yon koutpous: Ou genyen youn oubyen plizyè kesyon nan tèt ou? Ou swete jwenn konsèy sou yon aspè pwojè sosayl/ asosiyatif ou an? An nou pran yon randevou anliy oubyen an prezansyèl pou nou diskite !
👉🏻 Rezève yon seyans: Ak kèk klik senpman, ou kapab rezève inèdtan ak mwen. Yon moman echanj ki ap pèmèt ou avanse ak pwojè ou a epi ale ak repons klè k ap ede w bouste pwojè w la.
✉️ Resevwa yon rapò: Apre echanj nou yo, m ap prepare yon kontrandi ke w ap resevwa sou bwat imel ou sou diferant pwen ke nou te abòde yo ak objektif ke nou fikse pou lòt randevou nou pran!
Kèk tematik ak sijè mwen trete…
- Redaksyon estati, ak konstititif…
- Jesyon ak animasyon reyinyon
- Rekritman ak jesyon manb
- Legalizasyon
- Redaksyon plan estratejik…
Kominikasyon
- Création de site web
- Modèle d’affaire
- Web marketing
- Gestion d’équipe
- Branding…
Kèk Temwanyaj
Your content goes here. Edit or remove this text inline or in the module Content settings. You can also style every aspect of this content in the module Design settings and even apply custom CSS to this text in the module Advanced settings.
Your content goes here. Edit or remove this text inline or in the module Content settings. You can also style every aspect of this content in the module Design settings and even apply custom CSS to this text in the module Advanced settings.
Your content goes here. Edit or remove this text inline or in the module Content settings. You can also style every aspect of this content in the module Design settings and even apply custom CSS to this text in the module Advanced settings.
Kesyon moun abitye poze
Kijan mwen ka pran yon randevou?
Nan yon premye tan, chwazi yon tan ki bon pou ou sou Calendy. Ou kapab opte pou yon randevou anliy oubyen an prezansyèl.
Avan randevou a m ap kontakte w pou kèk enfòmasyon pratik (Lyen konkesyon, adrès randevou a….). Pa ezite prepare tout kesyon ou swete poze konsènan pwoblèm ou an.
Apre randevou a w ap jwenn yon kontrandi ki ap ede w rete konsantre sou aksyon ou ta dwe poze pou w avanse nan pwojè w la a.
Èske mwen kapab abòde plizyè sije nan randevou a?
Wi! Akonpayman pèsonalize yon fason ki ap pèmèt ou ale klè ak tout repons ke w te swete jwenn sou pwoblèm ou an.
Men li enpòtan pou ou note ke seyans yo genyen yon dire ki dwe respekte.
Kisa m ap jwenn nan kontrandi a?
Le compte rendu est un outil qui permet de garder une trace de nos échanges lors du rendez-vous. Il vous permet d’avoir l’esprit léger et de vous concentrer sur nos échanges sans à avoir à prendre une multitude de notes. Nan kontrandi a w ap jwenn :
- Sitiyasyon global la a
- yon lis tach ke w dwe egzektite/ objektif ke w dwe fikse tèt ou pou w vanse
- kek dokiman selon ka a
- Kontak ak referans pou w ale pi lwen
Konbyen seyans yo ap koute mwen?
Pri yon seyans 1h akonpayman pèsonalize ap koute w 2000 goud. L´ap genyen ladan n (echanj anliy oubyen an prezansyèl), redaksyon kontrandi an.
Tarif sa a ap pèmèt ou jwenn yon akonpayman pèsonalize selon bezwen w. Valè òf sa a chita sou pataj eksperyans, ekspètiz ak konesans teren mwen genyen.
Randevou a kapab pou plizyè moun?
Wi ! Li posib pou w rezève yon seyans pou yon gwoup ki pa depase 10 moun. Fòmil sa a pèmèt nou pataje frè fòmasyon an epi trete yon sijè komen pou gwoup la a. Li adapte ak etidyan ki swete lanse yo, ekip travay an gwoup oubyen ekip ki ap travay sou yon pwojè komen.
Fòmil sa a valab tou pou lòt estrikti ki swete yon entèvansyon pi estriktire sou fòm konferans tankou: Lekòl pwofesyonèl, Inivèsite, antrepriz ak asosiyasyon. Òf sila a kapab rantre yon pwogram pi konplè ki genyen ladann (animasyon, echanj espesifik, sipò detaye…)
Ou pa genyen lòt òf pi konplè?
Wi ! Pwogram akonpayman sa a pèmèt ou pran kontak epi fè echanj sou yon bezwen epi rezoud yon pwoblèm espesifik. Men ou kapab swete suiv yon pwogram global ki ap kondui w etap apre etap. Se pou sa a ou kapab pran yon pwogram konplè ki baze sou yon kalandriye travay:
- Yon suivi chak semèn/ mwa/ semès (selon bezwen w)
- Yon espas echans byen defini yon ansanm egzèsis ak objektif ki pou ede w avanse
- Fich ak resous oubyen emtodoloji
Si ou swete yon pwogram kons a, pran sa a bonè paske mwen genyen yon kantite moun mwen kapab pran chak ane.
Lòt fason ou akapb benefisye yon pwogram konflè se suiv youn nan fòmasyon mwen yo ke ou ap jwenn sou paj sa a: Fòmasyon.