KLÈB MWEN SE AKTÈ CHANJMAN

Klèb Mwen se yon aktè chanjman kreye pou lidè kominotè, pwofesyonèl k ap evolye nan sektè ekonomi sosyal solidè a, antreprenè sosyal k ap chèche yon kominote  ak opòtinite pou devlopman pwofesyonèl ak pèsonèl yo. Lè ou envesti nan klèb la, ou benefisye yon pakèt avantaj !

CHAK MWA W ‘AP JWENN :

  • Fòmasyon anliy oubyen an prezansyèl ki pou ede w abanse nan pwojè ou yo

  • kaye egzèsis oubyen lòt resous ki pou ede w rezoud yon pwoblèm presi

  • Seyans akonpayman an gwoup

  • Koneksyon ak yon rezo pwofesyonèl, lidè ak antreprenè parèy ou ki kapab ede w avanse nan pwojè ou a.

    MEN KIJAN OU KAPAB REJWENN NOU

    Men 3 fason ou kapab kontribiye pou ou entegre kominote a:

    1. Genyen yon pwojè antrepriz sosyal oubyen asosiyatif
    2. Ranpli yon fòmilè adezyon
    3. Peye yon frè adezyon ki se 1000 goud epi 2000 goud chak 3 mwa oubyen yon frè anyèl 5000 goud.
    4. Respekte règ ak prensip kominote a.

     

    Èske ou pare pou w rejwenn klèb la? Chwazi mwayen ki pi bon pou an. Vizite boutik la a, konsilte fòmasyon disponib. Pou ou jwenn plis enfòmasyon sou lòt posibilite yo pa egzanp si ou ta renmen rejwenn nou an gwoup oubyen benefisye lòt avantaj, kontake m silvouplè sou [email protected] .