Pwojektè, se te youn nan ti non jwèt frè m ak sè mwen yo te ban mwen. rezon, se paske m te toujou genyen yon nouvo pwojè, yon estrateji klè kou dlo kòk pou mwen kapab fè premye milyon m nan. premye milyon an te dwe fèt avan 25 lane m, ansuit li pase a 30 lane. Jodi 12 jen 2023, fè mwen 35 lane. Premye milyon an poko fèt, anpil pwojè kraze, men…

Antretan, mwen aprann anpil nan lavi a, sa ki fè fòs ak feblès yon pwojè e sito pi gwo reyalizasyon m te ka fè nan sa ki gen pou wè ak pwojè se travay pou amelyore kalite ak kondisyon lavi lòt moun nan kominote mwen. Sou pwen sa a, malgre tout andikap ke mwen te konn kontre mwen ka di mwen reyisi. Chak inisyativ ak pwojè sosyal kominotè, chak priz pawòl te toujou kontribiye nan pwogrè piblik mwen te sible a.

Mwen aprann apati de eksperyans yo ke milyon an ap vini, men li pa t janm esansyèl la. Mwen aprann tou ke mwen pa bezwen mete pwa mond lan sou do mwen pou m ede l vanse. Se dekouvèt konsa ki rive ban mwen klate lespri ak kapasite pou mwen fikse priyorite mwen yo.

Mwen se yon moun atipik tankou yon pakèt lòt k ap chèche plas yo nan yon mond ak règ, nòm, kategorizasyon ki pa toujou bat sou menm batman ak kè m. Jodi a mwen gen fòs pran angajman pou mwen libere jeni ak potansyèl ki nan mwen an, suiv sa kè mwen di.

Mwen se papa 2 pitit gason ekstraò

Reyalizasyon mwen yo

Mwen gen konviksyon ke nou chak gen wòl pa nou nan konstriksyon sosyete jis ak dirab nou aspire ak li a. Mwen kontan pataje ansanm avèk ou kèk nan inisyativ, reyalizasyon ak angajman mwen nan kominote a :

  • koutpous : se yon antrepriz sosyal ki travay ansanm avèk asosiyasyon, ong, ak tout lòt estrikti ki pa gen objektif fè lajan. Nou ofri sèvis dizay, fòmasyon ak akonpayman nan pwosesis legalizasyon yo.
  • Pwofak yon pwogram fòmasyon anyèl pou ankouraje epi akonpanye jèn kretyen ayisyen nan kreyasyon antrepriz ki kapab genyen bon jan enpak ekonomik ak sosyal nan kominote yo.
  • Pepcha: Se yon òganizasyon ki travay avèk pwofesè lekòl, edikatè, lidè kominotè ak tout moun ki swete akonpanye yon gwoup timoun pou ede yo :Pran konsyans de kapasite ke yo genyen pou kontribiye nan konstriksyon yon mond ki pi jis, ekitab epi dirab, devlope lidèchip yo nan reyalizasyon yon pwojè ki ap rezoud yon pwoblèm yo idantifye nan kominote yo.
  • Gresmesju: Mwen se kofondatè Gresmesju, yon antrepriz ki bay tèt li pou misyon akonpanye etidyan nan fakilte dwa yo nan redaksyon ak soutnans memwa yo.
  • Mwen bay tan mwen kòm benevòl nan plizyè estrikti kominotè tankou Katizana, yon estrikti ki ap travay pou fòme epi mete divès atelye atistik nan divès prizon nan peyi a (se yon pwojè ki pran nesans nan Penitansye Nasyonal), Jenès advantis kote mwen bay anpil tan mwen nan ankadreman, fòmasyon ak potansyalizasyon jèn yo pou mwen kapab ede yo nan reyisit lavi yo, Le héraut ak aseniah

 

Lòt bagay ou dwe konnen sou mwen:

Mwen ede antreprenè sosyal yo, lidè kominotè yo reyisi nan kreyasyon ak jesyon yon antrepriz sosyal, yon pwojè kominotè ak tout lòt inisyativ ki genyen pou objektif bon jan enpak ekonomik ak sosyal nan kominote yo.

Valè mwen yo : pataj, transparans, lespri kominotè…

Vizyon mwen : Ede 300 antrepriz, òganizasyon ak pwofesyonèl genyen yon sitwèb pwofesyonèl, fè bon izaj nouvèl teknoloji yo, devlope yon kominote enpaktan, jwenn otonomi finansye yo epi ede 100 jèn antreprenè kreye yon antrepriz, yon pwojè sosyal kominotè k ap enpakte kominote yo avan 2025 fini.

Misyon mwen : Ede w viv lavi ou te toujou reve a gras ak yon aktivite pwofesyonèl ki kadre ak pasyon w epi mennen yon vi ekilibre.

Kèlkeswa pwojè ou te genyen sou kè w la, mwen ankouraje w pran yon inisyativ jodi a pou w kòmanse ak pwojè antrepriz sosyal ou an. Yon ti aksyon jodi a pou yon gwo enpak demen.