Mwen pami sila yo ki grandi ak lide ke byennèt chita nan sèvis lòt yo kèlkeswa kondisyon an.

Ak yon mantalite konsa a soufrans te vin parèt tankou yon bagay nòmal, yon pasaj oblije si mwen vle gen kè kontan. Pa gen anyen ki pi gran ke yon moun ka fè ke sakrifye tèt li pou yon lòt. Se jis yon moso verite paske pèsonn pa oblije viv mal pou yon lòt ka viv byen.

Sa fè kèk ane ke mwen pran konsyans de move pratik sila a, poutan sa a pa anpeche ke mwen rete kwense nan woutin sa a. San dout se reyalite yon pakèt moun ki vin esklav yon ansanm kwayans ak pratik ke yo pa t kesyone pi bonè nan lavi yo.

Malgre je louvri sou verite sa a, se te yon gwo batay pou mwen pou m aksepte ke mwen pa fè anyen ki mal si mwen chwazi priyorize byennèt mwen. Se yon sitiyasyson ki lye anpil ak « le syndrome du sauveur » ak « blessure d’abandon ». Nou ap gen pou nou pale de 2 tèm sa yo nan lòt atik.

Jodi a si w santi ke w fristre paske ou gen difikilte pou w mete tèt ou an priyorite li enpòtan pou w konnen sa a: Nan lis chwa moun ki dwe viv nan lapè yo, chak moun dwe mete tèt yo nan tèt lis la.

An nou klè:

Chwazi priyorize tèt ou nan lis moun byennere yo pa fèmen pòt bonè pensonn lòt moun.

Pi bonè ke ou chwazi verite sa a se pi bonè w ap kòmanse viv byen.

Kèk danje ki genyen lè w pa chwazi priyorize byennèt ou

  • Ou di tout moun wi menm lè ou pa kapab
  • Ou santi w koupab lè ou di yon moun non pandan ke se meyè repons ou te ka bay nan moman
  • Ou chèche ofri moun èd ou san ke yo pa mande w e kèk fwa san ke yo p ap bay sa konsiderasyon
  • Ou mete sante w, lavi w ak byennèt ou an danje

Chanje sitiyasyon sa a pa fasil, men se yon nesesite.

Kèk eleman pou w rive priyorize tèt ou

  • Aprann di non ak sitiyasyon ki ap nui sante epi enpeche w avanse
  • Viv ak konviksyon ke chwazi priyorize byennèt ou pa fè w tounen yon mechan pou sa a
  • Mande tèt ou chak fwa ke w dwe chwazi, si w di non kisa ou ap pèdi nan ka sa a
  • Konnen ou merite viv byen otan ke mari, madanm, pitit, zanmi…
  • Konnen si w pa pran swen tèt ou sè ke ou pa renmen tèt ou e si w pa renmen tèt ou ni respekte tèt ou pèsonn lòt moun p ap respekte.

Chwazi tèt ou! Mete baliz pou w ka viv byen!