Nou gen bon entansyon, nou genyen yon bon lide pwojè, men anyen pa mache oubyen yo bagay ki te lanse ak anpil enèji bloke nan wout apre 2, 3 mwa.

Rezon yo anpil, men mwen remake 4 ki eleman ki lakoz anpil pwojè nan sektè ekonomi sosyal solidè a kraze.

1. Monte sou baz zanmitay senpman
Premye ka mwen konstate se paske anpil pwojè chita esansyèlman sou relasyon zanmitay. Swa pandan 2, 3 zanmi ap pale oswa yon zanmi genyen yon lide epi li pataje l ak pwòch li. Se konsa anpil pwojè kominotè pran nesans.
Pwoblèm nan pa chita nan relasyon zanmitay yo nan li menm. Dayè, moun ki ap evolye ansanm nan yon pwojè sosyal dwe devlope bon relasyon zanmitay.

Pwoblèm nan se paske relasyon zanmitay yo souvan anpyete sou prensip yo. Nou jwenn ak kèk zanmi, nou esplike yo pwojè ki nan tèt nou an. Yo anbake, men apre 2, 3 mwa yo demotive. Yo anvi di yo pa entèrese ankò, men yo pè reyaksyon w tandiske ou anvi envite yo fè yon lòt chimen pou w ka jwenn lòt moun ou pè di yo sa a tou. Gen lòt ka kote, moun yo vle jis asire prezans yo nan pwojè a oka ou yon opòtinite parèt, men yo pa entèrese menm ankò. Se pa toujou movèz fwa ki anime zanmi yo. Priyorite yo jis pa menm.

Pou evite pwoblèm sila a, men sa mwen pwopoze w. Si ou gen entansyon monte yon pwojè kominotè, menm kant ou pale sa a ak antouraj ou ou dwe fè yon rekritman fòmèl. Sa vle di kisa a?

Ou dwe fè yon apèl pou sila ki entèrese yo vini enskri. Mete fòmilè disponib, byen dekri moun yo responsabilite ak tach yo genyen nan pwojè a epi sitou kondisyon angajman yo. Konsa a lè youn oubyen lòt pa an mezi kolabore ansanm pwojè a ap akapb kontinye fè chimen li.

2. Mank fòmasyon ak enfòmasyon manb yo
Moun yo gen volonte, men yo pa vrèman konnnen kijan pou yo jere yon asosiyasyon. Anpil estrikti rezoud paske moun yo t ap fè fas ak yon pwoblèm ke yo swete rezoud. Sof ke volonte a pa sifizan paske savwafè a jwe yon wòl enpotan nan reyisit tout pwojè. Manb yo fonksyone sou baz sa yo konnen. Kontrent tan fè ke anpil moun ki gen bon volonte pa kapab patisipe nan fòmasyon ki ta kapab ede yo avanse nan pwojè yo a. nou dwe dakò tou ke òf fòmasyon yo limite oubyen yo manke aksesib ak manb estrikti sosyal kominotè yo tou. Se youn nan pwoblèm mwen swete rezoud lè mwen pran inisyativ lanse koutpous. Epi tou angaje m pou mwen pataje kontni regilyèman ki kapab ede lidè ak manb estrikti yo. W ap jwenn lyen sitwèb mwen an nan kòmantè yo.

3. Movèz administrasyon
Anpil asosiyasyon egziste nan pòch yon grnen moun. W ap jwenn yon pakèt estrikti ki ap mal fonksyone. Pa gen reyinyon komite, pa gen eleksyon, ap gen asanble jeneral. Rekritman yo mal fèt paske yo pa fèt an fonksyon de bezwen estrikti a. Movèz administarsyon sa a fè tou estrikti a gen dwa difisil pou li jwenn otonomi finansyè li tou. Aksè ak fòmasyon kapab ede lidè ak manb estrikti ki gen bon volonte yo rezoud pwoblèm sila a. Dayè mwen genyen yon bèl pwogram fòmasyon pou mwa dout la ki ap ede ou nan sans sa a si ou ta twouve w nan sitiyasyon kote ou vle amelyore administrasyon estrikti ou ladann nan oubyen sa ou pral lanse a. rete konekte ak mwen. Plis enfòmasyon ap vini nan jou yo la a.

4. Se te pou jere yon bras
Se dènye rezon m ap bay, men sa pa vle di ke li mwens enpòtan. Anpil asosiyasyon, òfelina, ak lòt pwojè nan sektè ekonomi sosyal ak solidè a kreye pou jere bras. W ap jwenn yon moun ki genyen yon òganizasyon entènasyonal ki mete yon lajan disponib oubyen yon opòtinite gras ak relasyon li genyen nan Leta. Lapoula li lanse asosiyasyon li. Depi lajan fini, pwojè kanpe tout aktivite kanpe pou lè pwochen bwas la tonbe.

Bon, pou nou rezoud pwoblèm sa nou jis bezwen ke ayisyen pran konsyans de valè ak enpòtans epi rezondèt yon estrikti kominotè. Mwen dakò e ou ap dakò ak mwen grès kochon an dwe kuit li. Si yon moun konsakre tan li, vi li ak inisyativ sosyal kominotè, pwojè yo dwe pèmèt li viv. Men w ap dakò ak mwen tou ke objektif premye yon estrikti nan sektè ekonomi sosyal ak solidè a se rezoud yon pwoblèm sosyal pou pi piti, men se pa pou anrichi ni X ni Y.

Mwen ta renmen konnen kiyès nan kat pwen sa yo ki te make atansyon w plis. Mwen t ap renmen konnen tou lòt rezon ke w konnen ki lakoz estrikti yo kraze.

Mèsi deja pou kòmantè w la a.